Ou ka jwenn Preliminè Lòd sou Frè e Pri Avoka yo nan paj Dokiman Enpòtan an.


ATANSYON


Ou kapab resevwa yon dezyèm pake Avi pou Gwoup la ak Fòmilè Demand Ranbousman nan Règleman Frè Ponpye a. Yo te voye premye pake Avi a nan yon anvlòp ki te make "DOKIMAN FAYIT ANDEDAN ANVLòP LA" pa erè.

Nou yo dezyèm pake sa a gratis pou ou, Gwoup la, Adorno & Yoss LLP, oswa Minisipalite vil Miami. Toude anvlòp yo genyen menm bagay, men avèk yon eksepsyon. Yo te pwolonje divès dat limit yo epi kounye a ou genyen plis tan pou revize enfòmasyon sa yo pou kapab deside si pou ranpli Fòmilè Demand Ranbousman an, si pou retire tèt ou nan Règleman yo, oswa si pou fè objeksyon kont Règleman yo. Ou bezwen sèlman soumèt yon Fòmilè Demand Ranbousman. Si ou deja soumèt Fòmilè Demand Ranbousman an nan postaj anvan an, ou pa bezwen soumèt yon lòt.

Tanpri konnen erè sa a pa sòti ni nan Konsèy Defans Gwoup la, Minisipalite vil la oswa Konsèy Defans li oswa kabinè avoka Adorno & Yoss oswa Konsèy Defans li.

Si ou genyen nenpòt kesyon, tanpri rele Administratè Règleman an gratis nan nimewo 1-800-981-7567.


Nan dat 26 jiyè 2007, Komisyon vil Miami te apwouve yon Règleman ki ta otorize yon ranbousman nan pwosè konsènan Frè Ponpye, 98-11208 CA 31 ak 05-2117 CA 31. Minisipalite vil la dakò pou kreye yon Fon Komen pou yon montan $15,550,000, pou ranbouse nenpòt pwopriyetè kay nan vil Miami ki te peye Evalyasyon Ponpye/Sekou (1997-1998 jiska 1999-2000), oswa ki te peye Evalyasyon Ponpye (2000-2001 jiska 2006-2007), epitou pou peye frè avoka ak frè administratif dapre desizyon Tribinal la.

Answit, kabinè avoka Adorno & Yoss te apwouve yon Règleman ki ta ajoute yon montan adisyonèl $1,600,000 nan menm Fon Komen an pou reklamasyon Gwoup la fè kont li pou evènman ki te pase nan pwosè konsènan Frè Ponpye.

Nan dat 5 me 2008, Tribinal Itineran Onzyèm Sikui Jidisyè ki nan ka pou Konte Miami-Dade, Florid, te sètifye pou objektif règleman an sèlman, yon aksyon kolektif. Gwoup la genyen ladan tout moun oswa enstitisyon (avèk tou siksesè legal ki kalifye yo, jan sa defini nan paragraf 1.18 Akò Règleman an) ki te posede pwopriyete nan vil Miami, Florid, avèk tou ansyen ak aktyèl anplwaye, ajan, reprezantan, ofisyèl, ofisye Minisipalite a ak manm fanmi pwòch yo, ki reprezante kapasite endividyèl yo kòm kontribiyab, ki te peye Evalyasyon Ponpye/Sekou ak/oswa Evalyasyon Ponpye Minisipalite vil la te resevwa nan ane fiskal 1997-1998 jiska ak nan ane fiskal 2006-2007. Vil Miami eskli nan Gwoup la.

Nan menm dat la, 5 me 2008, Tribinal la te apwouve davans tou Règleman apa ki pwopoze a, sa Gwoup la te rive jwenn avèk Minisipalite vil Miami (pou $15,550,000) ak sa gwoup la te rive jwenn avèk kabinè avoka Adorno & Yoss (pou $1,600,000). Menm si yo Règleman an yo apa, y ap administre yo ansanm.

Nan dat 30 jiyè 2008 oswa anvan dat sa a, yo pral voye yon Avi ba chak pwopriyetè kay ki vizib nan vil Miami epi ki kapab kalifye pou resevwa yon ranbousman. Avi sa a ap bay plis deskripsyon sou Règleman yo ak sou yon Fòmilè Demand Ranbousman. Avi sa a ap dekri Règleman yo avèk plis detay, epitou l ap endike sa yon moun dwe fè si li vle patisipe nan Règleman yo.

Si yon pwopriyetè kay pa vle patisipe nan Règleman yo, pwopriyetè kay la dwe chwazi pou li pa patisipe nan dat 20 out 2008 oswa anvan dat sa a. Avi sa a dekri pwosedi chak ak tout pwopriyetè kay dwe obsève pou yo deside pa patisipe nan Règleman yo. Yon pwopriyetè kay kapab chwazi pou li pa patisipe nan Règleman avèk Minisipalite vil la sèlman, oswa nan Règleman avèk Adorno & Yoss, oswa nan toulède. Si yon pwopriyetè kay chwazi pou pa patisipe, li p ap kalifye pou okenn benefis; li p ap jwenn pèmisyon pou fè objeksyon kont okenn Règleman yo; li p ap genyen obligasyon pou respekte okenn desizyon Tribinal la parapò avèk Règleman yo; epitou l ap oblije fè pwòp pwosè li, avèk pwòp depans li, kont Minisipalite vil la ak/oswa kont Adorno & Yoss.

Si yon pwopriyetè kay pa vle patisipe nan Règleman yo, men li genyen yon objeksyon kont nenpòt pati nan Règleman yo, pwopriyetè kay la dwe chwazi pou fè objeksyon nan dat 20 out 2008 oswa anvan dat sa a. Avi a dekri pwosedi chak ak tout pwopriyetè kay dwe obsève pou fè objeksyon an.

Tribinal la poukont li ap deside nan Odisyon san Patipri a konbyen lajan avoka ki reprezante gwoup la dwe touche, dapre estanda ki egzije anba lalwa Florid. L ap òganize yon odisyon davans - nan dat 22 jiyè 2008 a 10:00:00 EDT nan adrès West Flagler Street, Courtroom 11-1, Miami, FL 33130 - pou resevwa temwayaj ak lòt prèv ki gen pou wè ak demand frè avoka yo. Ou dwe soumèt mosyon pou sipòte oswa pou kont Frè Avoka yo anvan fen jou ouvrab 15 jiyè 2008.

Tribinal la fikse Odisyon san Patipri a pou 9 septanm 2008, a 10:00 a.m. EDT, at 73 West Flagler Street, Courtroom 11-1, Miami, Florida, 33130. Nan moman sa a, Tribinal la ap detèmine si l ap bay sètifikasyon final pou Gwoup la, epi si li jwenn Règleman yo jis, rezonab ak apwopriye.

Si Tribinal apwouve Règleman yo 9 septanm 2008, pwopriyetè kay yo ap genyen jiska 21 oktòb 2008 pou soumèt Fòmilè Demand Ranbousman yo tou ranpli ba Administratè Règleman yo. Answit, Administratè ap trete Fòmilè yo epi l ap distribiye chèk Règleman yo.

Pou kounye a, nou pa konnen konbyen lajan chak pwopriyetè kay pral resevwa sou fòm ranbousman. Y ap kalkile kantite lajan ranbousman an epitou y ap distribiye chèk yo ba moun ki soumèt Fòmilè Demand Ranbousman yo ranpli okonplè apre yo fin detèmine plizyè varyab. Pami varyab sa yo, genyen: 1) Kantite enterè k ap fèt sou fon komen an; 2) Kantite Tribinal la ap akòde konsèy defans Gwoup la an frè ak depans avoka yo; 3) Kantite lajan Tribinal la ap apwouve an frè administratif; epi 4) Kantite pwopriyetè kay ki kalifye epi ki aplike pou resevwa yon ranbousman.